Enjistis Epistemik Nan langaj ak nan tradiksyon
NAN ENTÈVANSYON IMANITÈ
Jwenn enfòmasyon se tankou yon byen imanitè, yo nesesè menm jan ak lòt byen moun bezwen pou yo viv yo, tankou manje, dlo, lojman, ak swen sante [1].
Obligasyon pou reskonsab yo bay rapò se youn nan gwo priyorite ki genyen nan sektè imanitè a. Obligasyon sa a valab tou pou ONG k ap entèvni nan kominote yo. ONG yo se òganizasyon ki pa gouvènman.
Yon bò, genyen kòdinasyon èd imanitè yo nan mitan òganizasyon imanitè yo, epi yon lòt bò gen kòdinasyon avèk gouvènman lokal yo oswa ajans yo. Kòdinasyon an se youn nan pi gwo enkyetid yo lè pou yo bay kriz yo repons ki konsekan [2].
EPI ANKÒ …
Aktivite sa yo – boukante enfòmasyon, rapò sou angajman moun pran, epi kòdinasyon èd yo – se twa (3) aktivite ki chita sou mobilizasyon ak boukantay konesans, epi yo sèvi tou pou yo pwouve sant kesyon an se aksyon imanitè a toutbon. Men, gen gwo pwoblèm moral, lè demach la kite sètèn pèsonalite oswa sèten gwoup moun sou kote. Youn nan sous esklizyon an, nan kesyon èd imanitè a, se dimansyon lengwistik kriz la : ki lang chak moun pale epi nan ki sikonstans yo sèvi ak lang yo pale yo, ki baryè ki egziste nan zafè lang, ki kredibilite, ki otorite yon moun ka jwi lè li pale sèten lang osnon lè li pa pale yo, epi, èske gen tradiksyon ki disponib. Pifò kriz imanitè yo vini sou divès fòm lengwistik : an menm tan pwoblèm yo parèt anndan kominote lokal yo, men, yo parèt tou nan mitan òganizasyon imanitè yo tou. Egzanp pou lokal la, nan ka Ebola a, an 2018, nou jwenn kominote yo pale 40 lang diferan nan zòn kote epidemi an frape a, nan Repiblik Demokratik Kongo a. Mete sou sa, konn pa gen moun ki pou fè tradiksyon yo, oswa tradiksyon yo pa fyab. Gen anpil rezon ki esplike fay sa yo : rate tout kalite resous, mank tradiktè ki kalifye, priyorite pou entèvansyon ki chita sou sove lavi moun, mank apresyasyon pou enpòtans tradiksyon an, oswa, pa gen anpil zouti teknolojik ki disponib pou sèten lang ki pa gen anpil moun ki pale yo [4] [5]. Nan koze èd imanitè entènasyonal la, pwoblèm lang nan ak kesyon boukante konesans la, se de (2) pwen ki touche yon seri preyokipasyon moral ak etik nou ka sènen avèk konsèp Enjistis Epistemik la [6].
ENJISTIS EPISTEMIK
Nan yon kontèks mondyal, ki charye inegalite malouk sou plan sosyal, sou plan ekonomik ak sou plan politik, devlopman konsèp enjistis epistemik la parèt (nan yon moman) pou li fè limyè sou relasyon ki egziste ant pouvwa ak konesans. Enjistis epistemik la gen rapò avèk inegalite, nan sans, ki moun ki ka rive nan pozisyon kote se konesans ki fè otorite epi kouman yo deside sou kredibilite pou diferan ajan yo, pou diferan tip konesans yo, epi pou sous konesans yo. Konsèp enjistis epistemik la, ak tout literati ki mache avèk li a, se eleman ki enpòtan pou entèvansyon imanitè yo sou plizyè pwen. Egzanp, yo etidye manifestasyon enjistis epistemik la nan zafè baryè lang, espesyalman nan ka imigran yo ak refijye yo, epi yo etidye l tou nan ka mizanplas swen sante yo [7].
“An jeneral gen privilèj epistemik ki mache avèk sèten lang, sitou anglè, men gen lang fransè, espayòl, arab oswa lòt lang ki sèvi kote y ap bay, oswa lè y ap fè kòdinasyon èd imanitè”
Nan kontèks diskisyon ouvè sa a, nou souliyen twa fòm enjistis epistemik ki mache avèk lang oswa zouti lengwistik nan kriz imanitè yo. Nan demach sa a, objektif nou se dirije atansyon an sou sèten aspè ki gen rapò avèk preyokipasyon etik. Aspè sa yo pa ta jwenn tout konsiderasyon yo merite nan deba yo akoz nati yo, tankou enjistis ki mache avèk sitiyasyon moun ki gen konesans yo, enjistis ki mache avèk kapasite moun sa yo pou yo patisipe nan boukante konesans ak nan ranmase enfòmasyon yo.
Pou n kòmanse, an jeneral, gen privilèj epistemik ki mache avèk sèten lang, sitou anglè, men gen lòt lang tou tankou fransè, espayòl, arab oswa lòt lang ki sèvi kote y ap bay èd imanitè yo, oswa lè y ap fè kòdinasyon. Kòm konsekans, se moun ki pa twò alèz nan twa lang sa yo, li te mèt se ofisyèl gouvènman lokal yo oswa manm òganizasyon nan sosyete sivil la, se yo ki nan pi move pozisyon pou yo patisipe nan rasanble enfòmasyon ak nan boukante konesans (ak nan kòdinasyon repons imanitè yo).
Dezyèm man, privilèj epistemik sa a makònen ak preyokipasyon yon enjistis avèk flagrans “lè prejije lakoz yon oditè denatire nivo kredibilite pawòl li tande nan bouch yon moun.” [6]. Nan mòd sitiyasyon sa yo, konesans yon moun, konpetans li oswa lide li kapab fè yo ba li mwens kredi akoz lang li pale, oswa akoz aksan li. Egzanp, espètiz yon manm nan gouvènman an oswa nan estaf nasyonal la, olye yo apresye konesans reyèl yon moun, sa moun nan di yo gen dwa pèdi tout valè li, paske li pale avèk ezitasyon oswa li pale avèk aksan, yo dwe konsidere sitiyasyon sa yo tankou yon fòm enjistis avèk flagrans.
Twazyèm man, gen ka esklizyon epistemik ak ka patènalis epistemik. Egzanp, yo rapòte nan ka tranblemann tè 2010 la an Ayiti a, kote reyinyon kòdinasyon rezo yo t ap fèt nan lang anglè sèlman, san tradiksyon. Kòm rezilta, Kirsch & al rapòte “ofisyèl lokal yo ak ONG yo pa t ka bay mo pa yo nan reyinyon yo” [8]. Moun ki t ap òganize reyinyon sa yo te wè sa tankou yon fason pou yo pi efikas nan yon moman ijans, men, sa te limite kapasite gouvènman ayisyen an ak aktè yo ki nan sosyete sivil la, pou yo patisipe nan rasanble enfòmasyon yo ak nan desizyon ki t ap sòti yo. Lè entèvenan yo aji konsa, san yo pa angaje aktè lokal yo ase ni nan pèspektiv yo ni nan priyorite lokal yo, sa ranfòse sitiyasyon patènalis epistemik la ak tout yon fòm dikta apati konpreyansyon patikilye sou pi bon fason pou yo pote repons nan kriz tranblemann tè a.
Nan kondisyon sa yo, konsèp enjistis epistemik la ka sèvi nan ka baryè nan zafè lang – li mache tou ak fenomèn privilèj epistemik la, enjistis avèk flagrans, epi nan ka patènalis epistemik la – li ede nou fè limyè sou enpòtans aspè etik la nan kesyon lengwistik la nan divès kriz imanitè. Epi nan ka travayè imanitè yo ak manm òganizasyon yo, li mande pou yo reflechi avèk anpil atansyon sou konesans pou yo bay kredi, sou moun ki pi kapab patisipe nan rasanble enfòmasyon yo ak nan boukante konesans yo. Pwen sa yo enpòtan anpil ni sou plan efikasite, ni sou plan etik pou entèvansyon imanitè yo.
Ryoa Chung se yon Pwofesè Agreje nan Depatman Filozofi nan Université de Montréal.
Matthew Hunt se yon Pwofesè Agreje epi li se Direktè Rechèch nan School of Physical and Occupational Therapy at McGill University.
Translation by Pierre Michel Cherry (Port-au-Prince).
Referans
[1] Greenwood F, Howarth C, Poole D, Raymond N, Scarnecchia D. The Signal Code: A Human Rights Approach to Information During Crisis. Cambridge; 2016.
[2] Stephenson, Jr, M. (2005). Making humanitarian relief networks more effective: operational coordination, trust and sense making. Disasters, 29(4), 337-350.
[3] Translators without borders (2018). Ebola Outbreak DRC – Crisis Language Map. Translators Without Borders.
[4] Federico, MF, Gerber BJ, O’Brien S, Cadwell P. (2019). The International Humanitarian Sector and Language Translation in Crisis Situations: Assessment of Current Practices and Future Needs.
[5] Cadwell, P., & O’Brien, S. (2016). Language, culture, and translation in disaster ICT: an ecosystemic model of understanding. Perspectives, 24(4), 557-575.
[6] Fricker, M. (2007). Epistemic Injustice. Power & the Ethics of Knowing. Oxford: Oxford University Press.
[7] Peled, Y. (2018). Language Barriers and Epistemic Injustice in Healthcare Settings. Bioethics, 32(6), 360-367, 2018.
[8] Kirsch, T., Sauer, L., & Sapir, D. G. (2012). Analysis of the international and US response to the Haiti earthquake: recommendations for change. Disaster medicine and public health preparedness, 6(3), 200-208.
Photo by Matthew Hunt: Shadows II statue by Jaume Plensa (The Montreal Museum of Fine Arts)